free hit counter AHAD - Ki sa kreyòl ayisyen ye?

Ki sa kreyòl ayisyen ye?
What is Haitian Creole? (English Version)

Hugues St.Fort

Lang kreyòl yo.

Lan anpil peyi sou latè, men sitou lan kèk peyi ki lan Afrik delwès, lan kèk zile ki lan Oseyan endyen, lan prèske tout zile ki lan Karayib la, avèk lan kèk peyi ki lan zòn Pasifik sid, plizyè milyon moun pale yon seri lang yo rele  pidjin ak kreyòl. Lang sa yo se lang ki soti lan kontak avèk lòt lang. Dapre definisyon klasik lengwis[1] ki te etidye lang sa yo bay, pidjin se lang ki devlope lan komès osnon lan lòt sitiyasyon kontak, kote diferan gwoup moun ki rankontre pa pale menm lang. Akoz de sa, yo oblije kreye yon fason nèf pou yo kominike. Kreyòl yo menm se ta pidjin ki vin ogmante estrikti lengwistik yo, epi detire fason moun itlize yo. Lè sa a, yo vin tounen lang natif natal yon kominote lengwistik[2]. Se kolonizasyon peyi Ewòp yo te kòmanse lan 17e syèk, ki fè lang kreyòl moun pale lan zile Karayib yo parèt. Kolonizasyon sa a te mache avèk yon komès esklav , kote Ewopeyen yo te al fè dappiyan sou plizyè milyon Afriken ann Afrik epi anbake yo sou gwo bato ak chenn lan pye yo pou y al travay kòm esklav lan jaden kann lan zile Karayib yo.  Frans, Espay, Angletè, Pòtigal, Oland, te pi gwo peyi ewopeyen ki te antre lan komès esklav  e ki tap fè kolonizasyon tou. 

Lang peyi sa yo vin tounen lang klas dominan yo lan tout zile Karayib yo (lang angle lan peyi Jamayik, lang franse ann Ayiti, Matinik, Gwadloup…) men laplipa moun lan zile sa yo kontinye pale yon varyete kreyòl ki gen laplipa mo li yo baze sou lang ansyen koloni a. Gen plizyè gwoup lang kreyòl. Kwak diferan moun ki pale kreyòl sa yo kapab pafwa konprann sa lòt ap di, lang kreyòl sa yo pa konpreyansib , soti lan yon zile ale lan yon lòt. Se gras a mo yo nou rive idantifye yo . Majorite mo lang kreyòl yo soti lan yon lang ewopeyen; pa egzanp, laplipa mo ki lan lang kreyòl ayisyen soti lan lang franse, laplipa mo ki lan kreyòl jamayiken soti lan lang angle.., men sentaks, sistèm règ lang kreyòl yo diferan anpil de lang ewopeyen[3]. Sou plan lengwistik, nanpwen anyen ki fè lang kreyòl yo enferyè devan lang ewopeyen yo osnon devan nenpòt lòt lang sou latè. Menm jan avèk tout lang kretyen vivan pale, lang kreyòl yo reflete pwopriyete gramatikal inivèsèl avèk devlòpman mantal tout lang kretyen vivan pale, keseswa lang angle, lang franse, lang chinwa, lang arab, lang swahili, lang hindi, lang quechua, etc… Sou plan ideyolojik, lang kreyòl yo angaje lan yon gwo batay kont yon seri fòs lan sosyete kote moun pale yo ap fè tout sa yo kapab pou lang kreyòl yo pa leve kanpe. Malgre lang kreyòl yo se lang tout moun pale lan laplipa zile sa yo, genyen gwoup moun ki refize sèvi ak yo pou devlope alfabetizasyon  osnon edikasyon . Dimansyon ideyolojik la pèdi anpil lan aspè negatif li te genyen pandan dènye 30 lane ki sot pase yo, men li kontinye ap kreye anpil pwoblèm toujou.

 B. Lang kreyòl ayisyen.

 Lang kreyòl ayisyen se youn lan lang kreyòl ki baze sou lang franse paske genyen yon mas mo ladann ki soti lan lang franse. Men, sentaks, semantik, ak mòfoloji kreyòl ayisyen diferan anpil de franse[4]. Kreyòl ayisyen (KA) se lang kreyòl ki gen plis moun ki pale li sou latè. Se lang natif natal tout Ayisyen ki fèt e ki elve ann Ayiti kote yo rele li Kreyòl[5]. Lan dyaspora a, genyen plis pase  yon milyon Ayisyen ki pale kreyòl. Genyen moun sa yo ki ap viv lan Amerik dinò (Etazini ak Kanada), lan Amerik disid (Venezyela ak Giyàn franse), lan Karayib la (Dominikani, Matinik, Gwadloup, Bahamas), ann Ewòp (Frans), ak lan kèk peyi Afrik. Lan kominote ayisyen ki gen plis moun yo, tankou Nouyòk, Miyami, Monreyal, osnon Dominikani, kreyòl ayisyen devlope anpil lan kontak li fè non sèlman ak lang peyi sa yo men tou ak varyete yo pale ann Ayiti[6]. Pami tout kreyòl ki baze sou franse yo, se sou kreyòl ayisyen yo fè plis rechèch lan inivèsite[7]. Kwak se sèlman yon ti ponyen Ayisyen ki pale lang franse, franse vin tounen ansanm ak kreyòl lang ofisyèl Ayiti depi lane 1987. Kreyòl ayisyen genyen yon òtograf ofisyèl depi 1980[8] e gen anpil ekriven ayisyen ki ekri liv enteresan sou diferan aspè esperyans ayisyen. Men n a tounen sou sa pi ta. Kounyè a, ann fè yon ti rezime istwa lang kreyòl ayisyen.  

1.   Sou plan istorik, li difisil pou nou bay presizyon sou ki lè kreyòl ayisyen parèt. Lan lane 1697, Franse yo ki tap viv ann Ayiti depi 1629, vin okipe ofisyèlman pati wès St. Domeng. Ispanyola se non tout zile a . Anvan 1697, se Panyòl ki te mèt tout zile a. Se apre Franse vin pran Sen Domeng vin genyen tout kondisyon yo pou yon kreyòl ki baze sou franse parèt: Franse yo kòmanse komès esklav e vin genyen nesesite pou kolon yo kominike avèk esklav yo. Se konsa lang kreyòl vin parèt. Dapre kèk istoryen, vè 1728, te genyen anviwon 50.000 esklav ak yon ti kras mwens kolon lan Sen Domeng, men ant 1740 e 1791 yo estime te genyen prèske yon demi-milyon Afriken ki tap travay kòm esklav lan jaden Sen Domeng yo. Yo te rele esklav ki te fèt ann Afrik yo “bosal”, men sa ki te fèt Sen Domeng yo , yo te rele yo “kreyòl”. Kreyòl ayisyen grandi lan kontèks jaden Sen Domeng yo , kote esklav afriken , ki te pale lang Niger-Congo yo[9] , te antre an kontak avèk kolon franse ki te pale yon varyete franse ki diferan anpil de franse moun pale kounyè a  epi esklav afriken sa yo eseye kominike avèk kolon franse sa yo[10]. Tankou nenpòt ki lòt lang kretyen vivan pale sou latè, kreyòl ayisyen se yon sistèm lengwistik total ki gen pwòp règ pa li e ki pa depann de okenn lòt lang pou li fonksyone. Genyen 7 milyon edmi moun ki pale li ann Ayiti, e plis pase  yon milyon lòt ki pale li lan dyaspora a. Kreyòl ayisyen pa franse mawon . Se yon lang diferan de lang franse, kwake gen anpil mo lan vokabilè li ki soti lan franse.

Premye tèks nou konnen ki ekri an kreyòl ayisyen genyen anviwon 10 liy . Li te parèt lan yon liv ki rele Voyage d’un Suisse dans différentes colonies d’Amérique ki te pibliye an 1786 . Moun ki te ekri liv sa a rele Justin Girod de Chantrans. Li te yon vwayajè suis ki te viv Sen Domeng ant mwa me 1782 e jiyè 1783. Men tèks sa a jan li te parèt lan liv de Chantrans an. Se te yon lèt yon jenn ti fanm esklav te ekri mennaj li pou li mande li padon paske mennaj la te konprann ti fanm lan ap ba li zoklo:

 Moi étais à la case à moi; moi étais après préparer cassave à moi; Zéphir venir trouver moi, li dit que li aimer moi, et qu’il voulait que moi aimer li tout. Moi répondre li que moi déjà aimer mon autre et que moi pas capable d’aimer deux. Li dit moi, que li mériter mieux amour à moi que matelot à li. Moi répondre li, que li capable de mériter li mieux, mais que pas te gagner li encore. Li dit moi que li va gagner li, et tout de suite li faire moi violence…Ah, toi connais comment li fort! Juger si gagner faute à moi! Le ciel témoin, cher dombo, de l’innocence et de fidélité à moi.

Mwen te anndan joupa mwen, m tap pare kasav mwen; Zéphir vin wè mwen, epi li di m li renmen mwen, e li ta renmen mwen renmen li tou. Mwen di li mwen gen yon mennaj deja e mwen pa kapab genyen de mennaj. Li di mwen li merite lanmou mwen pi plis pase matlòt li. Mwen di li se posib men li poko genyen li. Lè sa a, li di mwen l ap vin pran li, epi san m pa atann li plonje sou mwen… Ou konnen jan nèg sa a gen kouray! Eske ou panse se fòt pa m! Bon Dye lan syèl la temwen, dombo cheri, mwen inosan e mwen se yon mennaj fidèl!

 Malgre enpòtans istorik li, nou dwe li tèks sa a avèk anpil rezèv epi nou pa ta dwe konsidere li tankou yon bon echantiyon lang kreyòl moun te konn pale lan Sen Domeng lan epòk sa a. Girod de Chantrans se yon etranje ki te viv Sen Domeng pandan yon sèl lane epi li pa te konn pale kreyòl fen e byen.

  Jiskaprezan , se sitou lan domèn òtograf gen efò ki fèt pou estandadize kreyòl ayisyen. N ap raple se lan lane 1980, vin genyen yon òtograf ofisyèl pou kreyòl ayisyen. Lan kesyon diksyonè, gen kèk bon diksyonè bileng angle-kreyòl ak franse-kreyòl, men poko genyen yon diksyonè kreyòl- kreyòl, menmsi sou yon plan pedagojik, li enpòtan pou ta genyen youn[11]. Pou moun ki pale angle, genyen anpil bon liv deyò a pou aprann kreyòl ayisyen men genyen omwen 4 inivèsite ameriken ki anseye klas kreyòl[12].  Laplipa lengwis ki etidye kreyòl ayisyen admèt li gen 3 manman dyalèk: dyalèk lan Nò : se varyete moun pale lan Kap Ayisyen ki reprezante dyalèk sa a; dyalèk lan Sant lan : se varyete moun pale lan Pòtoprens ak lan zòn Pòtoprens ki reprezante dyalèk sa a; epi dyalèk lan Sid : se varyete moun pale lan zòn vil Okay ki reprezante dyalèk sa a. Varyete moun pale lan Nò a sanble se li menm ki mwens sanble ak kreyòl majorite Ayisyen pale, akoz de kèlke diferans li genyen sou plan leksikal ak sou plan sentaksik. Varyete moun pale lan Sant lan sanble se li menm ki gen plis prestij pou rezon politik, ekonomik, e kiltirèl, men paske gen anpil moun ki kite pwovens pou vin viv Pòtoprens, fwontyè ki separe dyalèk yo vin pi flou e anpil Ayisyen pale alèz 2 dyalèk. 

2.   Sou plan inivèsitè, etid kreyòl yo devlope anpil[13]. Genyen seksyon etid kreyòl lan plizyè depatman lengwistik inivèsite ewopeyen ak inivèsite lan Amerik dinò. Lan inivèsite sa yo,  kreyòl ayisyen se youn lan kreyòl atlantik yo lengwis yo plis etidye. Pati lan kreyòl ayisyen lengwis sa yo etidye pi plis se sentaks e teyori lengwistik yo plis itilize pou yo fè rechèch sa yo se teyori lengwistik ki rele gramè jenerativ[14]. Chak ane, depi fen ane 1970 yo, genyen omwen yon tèz doktora sou yon aspè enpòtan lan yon lang kreyòl (ayisyen osnon yon lòt kreyòl) yon etidyan prezante lan yon inivèsite Ewòp osnon Amerik dinò. Fòk nou pa bliye mansyone 2 michan revi sou kreyolistik: lan domèn kreyòl ki baze sou franse yo, genyen revi ki rele: Etudes Créoles. Se ann Frans yo pibliye revi sa a e li parèt 2 fwa chak ane; lan domèn kreyòl ki baze sou angle yo, genyen revi ki rele : Journal of Pidgin and Creole Languages. Se lan peyi Oland yo pibliye revi sa a e li parèt tou 2 fwa chak ane.

  Sou plan literè, Kreyòl ayisyen te pran yon lòt dimansyon lan mitan ane 1970 yo lè ekriven Frankétienne te pibliye premye woman li an kreyòl, Dezafi. Majorite kritik literè ki pale kreyòl te mete chapo ba devan liv sa a. Malerezman, pa te genyen lòt bon liv konsa ki ekri apre Dezafi. Te genyen kèk bon liv pwezi ansanm avèk kèk bon pyès teyat , men nou pa jwenn oken chedèv tankou Dezafi[15]. Se posib gen kèk ti pwoblèm pou rive kreye yon rejis literè presi pou Kreyòl ayisyen e  lan sans sa a , woman Dezafi  a ta kapab yon eksepsyon. Pandan lontan, Kreyòl ayisyen te rete yon lang oral sèlman ; moun te itilize li sitou lan sitiyasyon enfòmèl e pou kominikasyon yo fè toulejou. Anpil Ayisyen ki bileng te konn vire sou franse osnon sou angle si kesyon y ap diskite a te yon kesyon ki fòmèl  osnon si yo pa t konnen byen moun ki ap pale avèk yo a. Men depi kèk tan,  nou konstate pa gen baryè ankò pou lang kreyòl la. Ayisyen sèvi ak li lan tout nivo konvèzasyon , pou tout sijè diskisyon y ap fè. Men antre kreyòl ekri lan tout domèn espresyon Ayisyen chwazi vin kreye nouvo pwoblèm paske ekriven ayisyen yo dwe jwenn kounyè a yon lòt retorik, yon lòt estrikti ki pa depann antyèman de kontèks la e de lè moun lan ap pale a.

  Depi kèk lane, kreyòl ayisyen rive entegre sistèm lekòl vil tankou Nouyòk, Miyami, Boston. Dapre kèk otè ki fè rechèch sou kesyon an, genyen omwen 30.000 elèv ayisyen ki enskri lan lekòl piblik vil Nouyòk la[16]. Kreyòl ayisyen se katriyèm lang etranje yo pale e anseye lan sistèm lekòl piblik vil Nouyòl la, apre lang panyòl, lang ris, ak lang chinwa. Lan tout nivo lekòl, keseswa lan nivo primè, osnon lan nivo segondè, genyen klas kote yo anseye lang kreyòl ayisyen ak matyè tankou matematik, syans, istwa an lang kreyòl ayisyen[17]. Deplizanpli, gen anpil elèv ayisyen ki antre lan klas sa yo , espesyalman elèv ki fèk soti Ayiti, men pwofesè yo pa genyen ase michan tèks literè an kreyòl pou anseye timoun yo literati, lekti, kominikasyon, menm jan pwofesè ameriken yo genyen kantite tèks literè ann angle , lè y ap fè klas literati pou elèv ameriken. Otorite lan lekòl Nouyòk ta dwe fè yon gwo travay pou devlope michan tèks literè an kreyòl pou elèv ayisyen (yo ta kapab menm kòmanse tradui kèk bon liv ki genyen lan kantite literati ayisyen ki ekri an franse .

Ki avni ki genyen pou lang kreyòl ayisyen? Sa depann de ki kote n ap pale. Eske se ann Ayiti osnon èske se lan kominote dyaspora yo? Si se ann Ayiti, nou kwè kreyòl ayisyen ap toujou rete lang natif natal tout Ayisyen ki fèt e elve ann Ayiti. Men, si se lan kominote dyaspora yo, sa va depann de gwosè kominote sa a  e sitou de jan kilti ayisyen an gaye lan kominote sa a. Lè nou poze kesyon an konsa, n a wè tout kominote yo pa egal ego. Lan yon gran vil tankou Nouyòk, lang kreyòl ayisyen poko ap disparèt. Men, lan lòt kominote kote pa genyen anpil Ayisyen ki pou gaye kilti ayisyen an , kilti ameriken an kapab vale kilti ayisyen an rapidman ž

Hugues St.Fort was born in Port-au-Prince, Haiti. Completed both primary and secondary education there. Higher education in France: B.A. in French literature at the Université de Besançon, Master’s in French Applied Linguistics at the Université de la Sorbonne Nouvelle, Paris, and a Doctorate in Linguistics at the Université René Descartes in Paris, in 1982. Taught French and Linguistics in Mauritius in the early 1980’s. Also taught Linguistics at Queens College, City College and Bank Street in New York City. Presently teaching AP French and Native Language Arts (Haitian Creole) for the Board of Education of NY City and an adjunct assistant professor of French at Kingsborough Community College in Brooklyn, NY.

I have published numerous reviews of fiction and non-fiction works by Haitian writers based in the Diaspora, the most recent ones being on: Krik? Krak! and The farming of bones by Edwige Danticat and Théories Caraïbes. Poétique du déracinement by the Montréal-based Haitian poet Joël Des Rosiers in the Haitian weekly Haïti en marche. My research interests include the problems of code-switching in the Haitian bilingual speech community of NYC, the elaboration of a basic monolingual Haitian creole dictionary and the "problématique" of the new Haitian literature in the diaspora.

 © Copyright 2000 (Hugues St. Fort / The Créole Connection) 

[1] . N ap pale la a de lengwis tankou Leonard Bloomfield (1933), Otto Jespersen (1923), Robert Hall (1966). Genyen kèk bon entwodiksyon sou etid pidjin ak kreyòl pwofesè inivèsite ekri.  Pa egzanp, nou kapab site: John Holm (1988), Jacques Arends and alii (1994), Peter Muhlhausler (1986, 1998). Michel DeGraff (1999),  yon Ayisyen natif-natal, ki pwofesè lengwistik lan Massachussets Institute of Technology (MIT), fè yon michan liv sou orijin lang sa yo (pidjin/kreyòl). Li ekri liv li a dapre teyori gramè jenerativ, ki se teyori lengwistik k ap domine tout lòt teyori  lengwistik yo. Se gwo lengwis ameriken ki rele Noam Chomsky ki te vini ak teyori lengwistik sa a depi fen ane 1950 yo.   

[2] . Moun ki pale pidjin yo te deja genyen pwòp lang matènèl yo . Yo te aprann pidjin lan lè yo granmoun.

[3] . Gen anpil kesyon k ap debat pami lengwis pwofesyonèl ki ap etidye lang kreyòl yo: Men kèk kesyon pami kesyon ki pi boule yo: Ki jan pou pwouve distenksyon tradisyonèl yo fè ant lang kreyòl ak lang yo pa konsidere tankou lang kreyòl? Eske se vre genyen mak espesyal ki karakterize yo lang kreyòl? Eske nou ta dwe konsidere distenksyon yo fè ant “lang kreyòl yo” ak “ lang regilye yo” tankou yon distenksyon rasis? 

[4] . Youn lan kesyon ki te toujou fè entèlektyèl yo reflechi se kesyon orijin ak kesyon ki sa kreyòl yo ye. Lan ane 1936, 2 entèlektyèl ayisyen te fè yon gwo diskisyon sou kesyon sa yo. Pou Suzanne Comhaire Sylvain , lan tèz doktora li te soutni lan Inivèsite Sorbonne a Paris, Kreyòl ayisyen te yon lang ewe (Afrik delwès) ki te abiye ak mo franse. Pou Jules Faine, yon entèlektyèl ayisyen ki pa te gen yon fòmasyon an lengwistik, Kreyòl ayisyen te yon desandan dirèk ansyen dyalèk franse yo te konn pale lan Sen Domeng. Deba sa a reparèt lan epòk n ap viv kounyè a, avèk rechèch lengwistik ki parèt lan yon liv Claire Lefebvre, yon lengwis kanadyen , fèk pibliye (1998). 

[5] . Depi anviwon ventan, gen yon tandans lakay plizyè Ayisyen ki ap viv ann Amerik dinò pou yo rele lang yo pale a Ayisyen , olye yo rele li Kreyòl, jan tout moun rele li ann Ayiti. Men nou remake se sèlman lè y ap pale lang angle yo rele lang yo a Ayisyen. Mwen pa janm tande Ayisyen ki fèt e elve ann Ayiti rele lang yo a  Ayisyen lè y ap pale kreyòl. 

[6] . Dapre plizyè estimasyon (Joseph 1997, Laguerre 1984), genyen ant 500.000 e 1.000.000 Ayisyen ki ap viv lan vil Nouyòk.

[7] . Lengwis yo divize kreyòl ki baze sou franse an 2 gwoup: Kreyòl yo pale lan zòn atlantik ak kreyòl yo pale lan zòn oseyan endyen. Pami kreyòl yo pale lan zòn atlantik nou jwenn: kreyòl yo pale ann Ayiti, Matinik, Gwadloup, Dominik, St Lisi, Giyàn franse, Lwizyàn. Pami kreyòl yo pale lan zòn oseyan endyen, nou jwenn: kreyòl yo pale lan zile Moris, lan zile Sechèl, lan zile Reyinyon. 

[8] . Lengwis ayisyen Yves Déjean ekri anpil sou tout aspè òtograf kreyòl ayisyen. Tèz doktora li a, “Comment écrire le créole d’Haiti”, Indiana University, 1979, se yon liv ki endispansab pou tout moun ki enterese lan kesyon òtograf kreyòl ayisyen.

[9] . Dapre lengwis franse Suzy Platiel (1998) ki site Greenberg (1963) avèk K. Williamson (1989), lang yo rele lang Niger-Congo yo divize an plizyè santèn lang moun pale lan pati Afrik ki anba Sahara a, e ki kòmanse sou bò oseyan Atlantik rive jis lan peyi Soudan.

[10] . Lan epòk ekspansyon kolonyal ewopeyen an (17e-18e syèk), lang franse a pa te fin estandadize nèt. Kolon franse ki te vin abite Sen Domeng yo te pale yon fòm franse yo rele “franse rejyonal”. Varyete franse sa yo te gen anpil diferans sentaksik, mòfolojik, leksikal, avèk lang franse estanda moun pale kounyè a. Genyen kèk lan fòm franse rejyonal sa yo lang kreyòl ayisyen kenbe.

[11] . Dènye diksyonè bileng kreyòl-angle ki fèk parèt se diksyonè Laguerre-Freeman lan (1997). Li genyen  plis pase 40.000 mo. Men pou moun ki ap chèche egzanp lan yon diksyonè, 2 pi bon diksyonè bileng mwen panse ki genyen malgre yo kòmanse ansyen se Valdman (1981), avèk Valdman e konpayi (1996).

[12] . Inivèsite sa yo se: Indiana University lan Bloomington, City College of New York, Kansas University, ak Florida International University.

[13] . Premye konferans entènasyonal sou etid kreyòl yo te fèt lan lane 1969 lan peyi Jamayik. Depi lè sa a, chak ane yo fè konferans sou lang kreyòl yo swa ann Ewòp, swa ann Amerik dinò, swa lan Karayib la. Lengwis ki ap etidye lang kreyòl yo te fè dènye konferans sou lang kreyòl yo lan ete ki sot pase a (24 jwen-29 jiyè) lan Inivèsite Aix-en-Provence, an Frans.

[14] . Michel DeGraff, yon lengwis ayisyen natif-natal ki ap anseye lengwistik lan Massachusetts Institute of Technology (MIT) pibliye anpil analiz sentaksik sou kreyòl ayisyen ki fèt dapre teyori gramè jenerativ , men lengwis kanadyen Claire Lefebvre ansanm ak plizyè kolaboratè pibliye ant fen ane 1980 yo ak kòmansman ane 1990 yo plizyè rechèch enpòtan sou mòfo-sentaks lang kreyòl ayisyen. Rechèch sa yo parèt lan yon seri piblikasyon ki rele : Travaux de recherche sur le créole haitien.   

[15] . Lan kòmansman ane 1980 yo, menm Frankétienne lan te ekri yon pyès teyat ki rele Pèlen tèt ki te jwenn yon pakèt siksè ann Ayiti avèk lan dyaspora Amerik dinò.

[16] .  Li “Haitian Creole in New York” , yon atik Dr. Carole B. Joseph ekri ki parèt lan yon liv kolektif  Fishman and Garcia ekri an 1997.

[17] . Yo rele klas sa yo klas bileng  paske elèv ki ladan yo poko fin maton lan lang angle  e y ap aprann non sèlman angle (ESL), men matyè de baz yo (syans, matematik, istwa) an kreyòl, epi y ap aprann tou li , ekri, diskite an kreyòl. 

 

References cited

Arends, J. and alii . 1995. Pidgins and creoles, an introduction. Amsterdam/Philadephia

Bloomfield, Leonard. 1933. Language. New York: Henry Holt.

DeGraff, Michel.(ed.) 1999. Language creation and language change. Creolization, Diachrony, and Development. Cambridge, The MIT Press.

Greenberg, J.H. 1963. The languages of Africa. The Hague, Mouton.

Hall, Robert. 1966. Pidgin and creole languages. Ithaca, NY: Cornell University Press.

Holm, John. 1988. Pidgins and creoles. Volumes 1 and 2. Cambridge: Cambridge University Press.

Jespersen, Otto. 1923. Language: its nature, development and origin. New York: WW. Norton.

Joseph, Carole B. 1997. Haitian Creole in New York, in: The Multilingual Apple: Languages in New York City. Edited by Ofelia Garcia and Joshua Fishman. Berlin, New York : Mouton de Gruyter.

Laguerre, Michel S. 1984. An American odyssey: Haitians in New York City. Ithaca, NY: Cornell University Press.

Laguerre , J. and Freeman, B. 1997: Haitian-Creole-English Dictionary.

Lefebvre, Claire. 1998. Creole genesis and the acquisition of grammar: The case of Haitian Creole. Cambridge University Press.

Muhlhausler, Peter. 1986. Pidgin and creole linguistics. Oxford: Blackwell.

Platiel, Suzy. 1998. Comparatisme historique et classifications. In Faits de langues, revue de linguistique, # 11-12: Les langues d’Afrique subsaharienne. Paris, OPHRYS.

Valdman, Albert. 1981. Haitian-Creole-English-French Dictionary. Bloomington, IN: Indiana University, Creole Institute.

Valdman, Albert ; Jean-Baptiste, Rozevel; Pooser, Charles. 1996. A Learner’s dictionary of Haitian Creole. Indiana University, Creole Institute.

Williamson, K. 1989. Niger-Congo Overview. In : J. Bendor-Samuel (ed.): The Niger-Congo languages, United Press of America and SIL.

Last revised on 11/05/2004